TEYAT! Lyrics [K-naval 2010 Barikad Crew]

Tuesday, 12 January 2010 04:14 Staff REZOPAM
Print PDF

BRICKS/CHORUS

[Weyyy!]

Men Barikad wi cheri doudou

[Oleeee!]

Se tout peyi a k’ krezi pou nou…

 

Se pip pap, men bon jan hip hop, si w son malad rap

Fè n tande plap plap (plap plap!)

Hey tipap siw son anti rap, vle beef Barikad

Wap pran anpil tap (pla pla pla!)

 

BRITAL/CHORUS

Sa fe anpil tan

(Yo tap pesekite nou )

Men aprezan

(Nou pati kite yo )

E son mouvman

(Ki la pou li gide yo

Lè n fin drible yo, gen konbatan k’ pou drive yo)

 

(CHORUS/CONDAGANA)

Ooooo ooooooooo

Hip Hop Kreyòl pou tout tan!

Ooooo ooooooooo

Tandans sa bay touman!

 

(FRED HYPE/CHORUS)

Paske moun ki avè n yo (RED)

Tout sak devan n yo (RED)

Sak a goch (RED)

Sak a dwat (RED)

 

(AK I)

MARCO

Yo fè n konprann nou pa konn sa nou vle

Men nou aprann de sa nou obsève

Yo te atann nou tap ret bwa kwaze

Men fwa sa nou di sètase!...

Jèn yo pap jwe nan pyès sa

Nan men yo n’ pran twòp koutba

Se nou k’ pou chanje peyi sa, paske se nou k’ fòs la

 

FANTOM

Pèp ayisyen ka manje w siw pale mal de gwoup sa

Ak de je w te asiste san te fè twazyèm jou a

Kit te gen lapli blackout lajenes tap make pa

Malgre sa w vle opoze, enpoze yo jwe rap la

Pa gen okenn komedyen koyòt nou pral vote kòm chèfdeta

E tout lòt ki konprann nou sòt vle fè n dous nan pale met la

San respè pou jèn yo ki kwè fwa sa nou di seraseta

Vi n paka rezime pate chodyè ak spageti lèswa

 

HOOK

Men nou gen frap rap la, pou nou defann nou nou menm

Kou n tande pla pla pla, tout moun ap detann e nou menm

Kite yo rablabla, konn pèp la pap menm tande yo menm

Kou se Barikad kap bay leson nan ka sa n pa vle goumen

[Nap korije yo!]

Nou menm lajenès nou gen mizik nou ki fèn popilè

Non non non mon frè, nou pa biliv nan okenn fo lidè

Wi paske nou vo ki fè

Nou pap pran nan profitè

Moun kap fè teyat wap tou wè se moun ki gen foli fè

Lajan yo nan pòch yo, epi tou yap fè teyat

Yo manje ak pròch yo, pèp la pa menm ka fè eyap!

Plede fè banbòch oh!, epi se jèn kap fè vye zak

Nap kole nan kò yo, jis yo ba n sa nou vle ekzak

 

(AK II)

IZOLAN

Twòp fo konpayi, teyat nan peyi a

Twòp foli bandi, fake ass nan lari a

Pwòp zanmi yo rayi poutèt reyisit la

Lòt kap bay dan di yo ap pran woulib sou tet zizirit la

[bann ipokrit!]…Ann ale!

Fo koulè, fo cheve

Fo rapè, fo dj

Fo polis, fo etidyan

Fo minis, fo prezidan

Fo jistis yon lo medizan

Twop malis ak fo patizan

Si n pa vle viv bagay sa yo ankò

Met ansanm pou n ka pi fò

 

YOUNG CLIFF

Ki moun ou ye pou di wap stope lajenès

Ou fin pipi, se acabo, ale jere stress

Wap fè yo riw, krakra! wap fè teyat

Rap kreyòl non stop, nou fèl pi hot

Son bèl moman, vin defoule kò w, konnen BC se pa w

Hip hop kreyòl an aksyon, mèsi Kris

Sa pral fè tèt blanch yo freak plis

Ti pap fè wòl ou, han! pa pran non n pou fè biznis

 

REFREN

Men nou gen frap rap la, pou nou defann nou nou menm

Kou n tande pla pla pla, tout moun ap detann e nou menm

Kite yo rablabla, konn pèp la pap menm tande yo menm

Kou se Barikad kap bay leson nan ka sa n pa vle goumen

[Nap korije yo!]

Nou menm lajenès nou gen mizik nou ki fèn popilè

Non non non mon frè, nou pa biliv nan okenn fo lidè

Wi paske nou vo ki fè

Nou pap pran nan profitè

Moun kap fè teyat wap tou wè se moun ki gen foli fè

Lajan yo nan pòch yo, epi tou yap fè teyat

Yo manje ak pròch yo, pèp la pa menm ka fè eyap!

Plede fè banbòch oh!, epi se jèn kap fè vye zak

Nap kole nan kò yo, jis yo ba n sa nou vle ekzak

 

BRIGDE

MASTER SUN/CHORUS

Kisa nou vle?

Inivesite, manje k’ pou bese

Kisa nou vle?

Elektrisite ak sant de sante

Kisa nou vle?

Sekirite, wout ki pou asfalte

Kisa nou vle?

Hip hop kreyol pou letenite!...

 

(AK III)

MR BRICKS

Fo rapè m pap menm reponn, pa menm tande saw di

Fo politisyen chite, yo jete tankou manje dòmi

Tout sa n di, yo pa voum yo pa pwèt

Jounen jodi n kanpe poun di ale yo tout lanm*%@#!

Paske pou (1, 1)

Kounyè a n’ gran, nou ka pran desizyon

(2, 2)

Pa nenpòt vagabon ki pral prezidan

(3, 3)

Pap pran maryonèt aprè kap vin dekwat

Pa gen 4, twòp teyat, se nou kounya ki pou debwate yo

[shotta!]

 

BRITALITY / ANIMATION

Nou fè hit, n’ eklate bow!

(vin voye dlo)

Chèf abit yo ka sanksyone w

(pa vin voye blow)

BC sa son mit nan sevo

(vin nan fat show)

Nou plen beat, nou chaje mo

(nap fè w tande fat flow)

Hip hip hip hip

(hip hop boyekyo)

Vip vip vip vipip

(nap met nan mòf yo)

Put it up put it up come in up boy

(BPC kap met plezi)

Hurry up give it up put it up gial

(ti piti n’ ka fèw krezi)

 

BRICKS/CHORUS

Wiiiiii….

Men Barikad wi cheri doudou

Siw te malad n’ pot plezi pou ou

Se tout peyi a k krezi pou nou la…

[BREAK 1]

 

BRITAL/CHORUS

Nou fè hit, n’ eklate bow!

(vin voye dlo)

Chèf abit yo ka sanksyonew

(pa vin voye blow)

BC sa son mit nan sèvo

(vin nan fat show)…

[BREAK 2]

Ou soufle twòp Maestro!!!

 

BRITAL/CHORUS

Hip hip hip hip

(hip hop boyekyo)

Vip vip vip vipip

(nap met nan mòf yo)

Put it up put it up come in up boy

(bpc kap met plezi)

Hurry up give it up put it up gial

(ti piti n’ ka few krezi)

 

MARCO/CHORUS

Kisa ou vle pou n prouve ankò

BC a rèd, li soude l pi fò

Ak sistèm sa nou din pa dakò

Jèn yo di hip hop kreyòl ou lamò

 

[END]

Moun sa yo debode!

Last Updated on Tuesday, 12 January 2010 05:57
 

Nombre de visiteurs

mod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_counter
mod_vvisit_counterToday52
mod_vvisit_counterYesterday235
mod_vvisit_counterThis week52
mod_vvisit_counterThis month1067
mod_vvisit_counterAll34444
Please login to be able to chat.

Who's Online